Ayiti – Sekirite : Gwo chanjman nan tèt kòmandman Polis la

Ayiti – Sekirite : Gwo chanjman nan tèt kòmandman Polis la

Pòtoprens, 9 dawou 2025. Apeprè 24 èdtan apre li fin pran tèt Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), André Jonas Vladimir Paraison mete lòd nan tèt kòmandman fòs polis la. Nouvo DG a fè apèl ak kat gwo responsab pou ede l mennen misyon l: retabli sekirite sou tout teritwa a.

PNH la anonse plizyè chanjman estratejik nan chèn kòmandman li. Enspèktè jeneral Berson Soljour nonmen kòm chèf kabinè direktè jeneral André Jonas Vladimir Paraison. Objektif nonminasyon sa a se pou amelyore kowòdinasyon ant direksyon jeneral la ak diferan inite yo.

Anplis, Enspèktè jeneral Jacques Joël Orival pran tèt Direksyon Santral Polis Administratif (DCPA).

Enspèktè jeneral Alain Auguste, li menm, nonmen kòm direktè santral Administrasyon ak Sèvis Jeneral, kote l pral jere resous materyèl ak imèn nan PNH.

Finalman, Komisè divizyonè Fernel Saintil vin nouvo direktè lojistik ak misyon pou amelyore aprovizyònman ak distribisyon ekipman ki nesesè pou operasyon polis yo.

Avèk nouvo ekip sa a, PNH la vize bay plis efikasite nan jesyon operasyonèl ak administratif li, pou l kapab reponn pi byen ak kriz sekirite peyi a ap fè fas. Rès la, se tan ki pral di.

Optimiste.Info

Ayiti : Yon kouzen chèf gang Savien, Luckson Elan, arete pou trafik minisyon ak lyen ak gang « gran grif »

Ayiti : Yon kouzen chèf gang Savien, Luckson Elan, arete pou trafik minisyon ak lyen ak gang « gran grif »

Senmak, 8 dawou 2025. Lapolis nan vil Saint-Marc mete men sou Edouens Elan alyas Silibon, yon kouzen chèf gang Savien an, Luckson Elan, pou enplikasyon li nan yon rezo trafik minisyon ki t ap sèvi pou alimante gang kriminèl “gran grif” ki tabli nan zòn Savien, nan depatman Latibonit.

Arestitasyon an fèt nan dat mèkredi 6 dawou 2025, selon sa DDA ak Kòdinasyon Laprès ak Relasyon Piblik DGPNH konfime. Lapolis fè konnen Edouens Elan se yon manm aktif gang lan. Li ta remèt yon kantite minisyon bay yon chofè moto-taksi ki rele Wendy Edmond, dimanch 3 dawou pase a, pou mennen yo bay gang la.

Kounye a, Edouens Elan alyas Silibon nan gadavi, pandan otorite yo ap kontinye ak pwosedi legal ki nesesè pou fè limyè sou dosye a. Lapolis ap kontinye travay pou demantle rezo gang “gran grif” la ki kontinye simen laterè nan Latibonit.

Optimiste.Info

Kanada : Chantè Ayisyano-Kanadyen Luck Mervil kondane pou agresyom seksyèl

Kanada : Chantè Ayisyano-Kanadyen Luck Mervil kondane pou agresyom seksyèl

Chantè Ayisyano-Kanadyen an, Luck Mervil, ki te vin popilè atravè wòl li nan mizikal « Notre-Dame de Paris », twouve nan mitan yon dosye lajistis. Yon tribinal Kanadyen jwenn li koupab pou zak agresyon seksyèl ki te fèt nan nuit 23 pou rive 24 jen 2000, apre li te fin jwe nan yon konsè nan fèt Sen Jan Batist nan pak Beauséjour, pandan li te nan pik karyè li.

Daprè sa Radio-Canada rapòte, Mervil te rankontre viktim nan nan yon ba-resto nan lari Saint-Germain, epi li te mennen li nan yon otèl nan Rimouski, kote agresyon an ta fèt. Jij James Rondeau rejte defans atis la, ki te di se te yon erè sou idantite, epi li konsidere temwayaj Mervil kòm kontradiktwa ak pa serye.

Tribinal la mete aksan sou chanjman souvan nan deklarasyon Mervil yo, li estime atis la t ap chèche simaye dout olye l di laverite.

Sa pa premye fwa Mervil mele nan yon dosye lajistis. An 2018, li te deja kondane pou ekplwatasyon seksyèl sou yon ka ki te remonte depi 1996. Li te resevwa yon santans 6 mwa prizon lakay epi li te antre nan lis moun ki gen dosye agresyon seksyèl pou yon peryòd 20 lane.

Optimiste.Info

Kenskòf : Gwo afwontman ant gang ame yo ak fòs miltinasyonal la , 3 polisye blese, 2 cha blende boule

Kenskòf : Gwo afwontman ant gang ame yo ak fòs miltinasyonal la , 3 polisye blese, 2 cha blende boule

Kenskòf,7 dawou 2025.Yon gwo konfwontasyon eklate jedi 7 dawou 2025 nan komin Kenskòf ant gang ak gwo ame lagè ak Misyon Miltinasyonal la. Daprè enfòmasyon ofisyèl, 3 polisye soti blese pandan eklatman sa a, epi 2 cha blende boule nèt, sa ki lakoz panik gaye sou tout zòn nan.

Anplis de sa enfòmasyon yo ta fè kwè gen plizyè manm gang yo ki ta blese pandan echanj kout bal yo. Popilasyon an, ki pè pou lavi li, kontinye ap viv nan laperèz, pandan otorite yo lanse apèl pou plis ranfò nan dispozitif sekirite yo nan zòn nan.

Nouvo epizòd vyolans sa a vin mete plis ensètitid sou estabilite komin nan, ki deja soufwi anba laterè gang ak feblès prezans leta.

Sitiyasyon sila a vini nan moman gen yon nouvo kòdonaté nan tét KPT ki pa sispann denonse zak kriminél gang yo ap fè sou popilasyon an.

Optimiste.Info

Aken – Sekirite : Lapolis fouke 2 endividi pou lyen yo ta genyen ak kowalisyon « Viv Ansanm »

Aken – Sekirite : Lapolis fouke 2 endividi pou lyen yo ta genyen ak kowalisyon « Viv Ansanm »

Aken, 7 dawou 2025. Polis Nasyonal Dayiti (PNH), an kolaborasyon ak Pakè Aken rive mete men jou ki te , mèkredi 6 dawou, nan kòlèt de (2) endividi ki ta sispèk kòm moun ki gen koneksyon ak kowalisyon ame « Viv Ansanm », ki enplike nan plizyè zak vyolans nan divès kote nan peyi a.

De moun sa yo, yo idantifye yo kòm Mangnant Max Peter, 29 lane, ak Jonathan Desravines, 18lane . Yo t ap vwayaje nan yon minibis ki t ap pran direksyon Okay lè yo te entèsepte pandan yon kontwòl woutin.

Premye analiz ki fèt sou telefòn yo te pèmèt otorite yo jwenn imaj ak enfòmasyon ki sanble montre gen lyen ant yo menm ak gwoup ame sa a, ki deja gen move repitasyon pou aktivite kriminèl ak zak dezòd li yo.

Yo mete sispèk yo an gadavi nan komisarya Okay. Yo deja disponib pou lajistis, epi ankèt la ap kontinye pou konnen ki wòl yo te jwe egzakteman epi si gen lòt konplis ki enplike.

Optimiste.Info