Aken, 7 dawou 2025. Polis Nasyonal Dayiti (PNH), an kolaborasyon ak Pakè Aken rive mete men jou ki te , mèkredi 6 dawou, nan kòlèt de (2) endividi ki ta sispèk kòm moun ki gen koneksyon ak kowalisyon ame « Viv Ansanm », ki enplike nan plizyè zak vyolans nan divès kote nan peyi a.
De moun sa yo, yo idantifye yo kòm Mangnant Max Peter, 29 lane, ak Jonathan Desravines, 18lane . Yo t ap vwayaje nan yon minibis ki t ap pran direksyon Okay lè yo te entèsepte pandan yon kontwòl woutin.
Premye analiz ki fèt sou telefòn yo te pèmèt otorite yo jwenn imaj ak enfòmasyon ki sanble montre gen lyen ant yo menm ak gwoup ame sa a, ki deja gen move repitasyon pou aktivite kriminèl ak zak dezòd li yo.
Yo mete sispèk yo an gadavi nan komisarya Okay. Yo deja disponib pou lajistis, epi ankèt la ap kontinye pou konnen ki wòl yo te jwe egzakteman epi si gen lòt konplis ki enplike.
Optimiste.Info