Petyonvil, 2 out 2025. Ansyen senatè depatman Nip peyi a, Nenel Cassy, jwenn arestasyon li jodi samdi 2 out 2025 nan yon restoran nan komin Petyonvil. Se ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè yo (DCPJ) te mennen operasyon sila a. Yon enfòmasyon enstitisyon polis la konfime nan yon kominike ofisyèl sou paj Facebook li
Daprè otorite yo, plizyè akizasyon peze sou do ansyen palmantè a . Yonn ladan yo se konplo kont sekirite entèn leta a, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite nan zak asasina, epi asosyasyon malfektè.
Depi 18 fevriye 2025, te gen yon avi rechèch kont li. DCPJ fè konnen akizasyon sa yo soti nan ankèt ki louvri sou rezo kriminèl òganize k ap opere nan peyi a.
Anplis de sa, sitiyasyon jidisyè mesye Cassy a te deja soulve anpil enterè. Nan yon rapò ankèt ULCC te pibliye 15 novanm 2023, yo te rekòmande pouswit kont li pou zak anrichisman ilegal ak fo deklarasyon sou byen li yo.
Optimiste.info