Pòtoprens, 9 dawou 2025. Apeprè 24 èdtan apre li fin pran tèt Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), André Jonas Vladimir Paraison mete lòd nan tèt kòmandman fòs polis la. Nouvo DG a fè apèl ak kat gwo responsab pou ede l mennen misyon l: retabli sekirite sou tout teritwa a.

PNH la anonse plizyè chanjman estratejik nan chèn kòmandman li. Enspèktè jeneral Berson Soljour nonmen kòm chèf kabinè direktè jeneral André Jonas Vladimir Paraison. Objektif nonminasyon sa a se pou amelyore kowòdinasyon ant direksyon jeneral la ak diferan inite yo.

Anplis, Enspèktè jeneral Jacques Joël Orival pran tèt Direksyon Santral Polis Administratif (DCPA).

Enspèktè jeneral Alain Auguste, li menm, nonmen kòm direktè santral Administrasyon ak Sèvis Jeneral, kote l pral jere resous materyèl ak imèn nan PNH.

Finalman, Komisè divizyonè Fernel Saintil vin nouvo direktè lojistik ak misyon pou amelyore aprovizyònman ak distribisyon ekipman ki nesesè pou operasyon polis yo.

Avèk nouvo ekip sa a, PNH la vize bay plis efikasite nan jesyon operasyonèl ak administratif li, pou l kapab reponn pi byen ak kriz sekirite peyi a ap fè fas. Rès la, se tan ki pral di.

Optimiste.Info

Spread the love