Pòtoprens, 7 dawou 2025.Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), ki sou direksyon nouvo kowòdonatè li, Laurent Saint-Cyr, ap fè premye Konsèy Minis li vandredi 8 dawou a 2 è nan apremidi. Reyinyon sa a make kòmansman ofisyèl manda Mesye Saint-Cyr nan tèt KPT a

Dapre yon sous nan gouvènman an, plizyè dosye enpòtan ta sou ajanda a, tankou renouvèlman eta dijans lan nan kèk zòn ki toujou sou presyon. Men, detay egzak sou dosye ki sou tab la poko disponib.

Sous la ajoute tou yon chanjman nan konpozisyon ministè a ka fèt pandan peryòd kowòdinasyon Saint-Cyr a, men li pa prevwa pou sa vin sou tab depi premye rankont lan.

Reyinyon sa a gen yon gwo siyifikasyon senbolik, pandan peyi a kontinye ap chèche estabilite nan mitan yon tranzisyon politik ki toujou frajil ki pa sispann sibi kritik nan mitan sosyete kote yo akize l kòmkwa li pa respekte pyès angajman akò 3 avril la te ba li. Okontrè sitiyasyon sekirite a peyi vin pi mal pandan plis.jou ap pase.

Optimiste.Info

Spread the love