Senmak, 8 dawou 2025. Lapolis nan vil Saint-Marc mete men sou Edouens Elan alyas Silibon, yon kouzen chèf gang Savien an, Luckson Elan, pou enplikasyon li nan yon rezo trafik minisyon ki t ap sèvi pou alimante gang kriminèl “gran grif” ki tabli nan zòn Savien, nan depatman Latibonit.
Arestitasyon an fèt nan dat mèkredi 6 dawou 2025, selon sa DDA ak Kòdinasyon Laprès ak Relasyon Piblik DGPNH konfime. Lapolis fè konnen Edouens Elan se yon manm aktif gang lan. Li ta remèt yon kantite minisyon bay yon chofè moto-taksi ki rele Wendy Edmond, dimanch 3 dawou pase a, pou mennen yo bay gang la.
Kounye a, Edouens Elan alyas Silibon nan gadavi, pandan otorite yo ap kontinye ak pwosedi legal ki nesesè pou fè limyè sou dosye a. Lapolis ap kontinye travay pou demantle rezo gang “gran grif” la ki kontinye simen laterè nan Latibonit.
Optimiste.Info