Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye vandredi 29 out 2025, rezilta ofisyèl egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal pou uit direksyon depatmantal edikasyon. Depatman Nò a klase an premye ak yon pousantaj reyisit 96,54 %, Ouest swiv li ak 95,16 %. Apre sa, se Grandans (93,74 %), Sid (91,22 %), Nòdès (87,53 %), Latibonit (86,01 %), Nip (72,49 %), epi Nòdwès ki fèmen lis la ak 54,19 %.

Optimiste.Info, 29 out 2025. Apre egzamen ofisyèl 9yèm ane yo pou ane lekòl 2024–2025 la, kandida ki soti nan uit depatman sa yo resevwa rezilta yo. Direktè lekòl yo envite al chèche palmarè lekòl yo nan Direksyon Depatmantal Edikasyon kote lekòl yo ye a.

Nan 81 491 kandida ki te patisipe, 61 526 jwenn admisyon, sa ki bay yon pousantaj reyisit nasyonal 75,51 %. Sa montre yon amelyorasyon nan nivo sistèm edikasyon an, malgre tout difikilte ki egziste toujou.

Men kèk depatman ki fè gwo pèfòmans:

  • Nò: 96,54 %
  • Lwès: 95,16 %
  • Grandans: 93,74 %
  • Sid: 91,22 %

Dapre MENFP, yo pral pibliye byento rezilta pou lòt depatman yo, tankou Sidès ak Sant.

Nan moman ministè a ap prepare pou rantre lekòl lan, gen plizyè lekòl ki kraze anba zak gang ame yo. Gen lòt ki abandone, paske gen katye antye nan kapital la ki vin vid nèt.

Redaksyon

Spread the love