Kenskòf,7 dawou 2025.Yon gwo konfwontasyon eklate jedi 7 dawou 2025 nan komin Kenskòf ant gang ak gwo ame lagè ak Misyon Miltinasyonal la. Daprè enfòmasyon ofisyèl, 3 polisye soti blese pandan eklatman sa a, epi 2 cha blende boule nèt, sa ki lakoz panik gaye sou tout zòn nan.
Anplis de sa enfòmasyon yo ta fè kwè gen plizyè manm gang yo ki ta blese pandan echanj kout bal yo. Popilasyon an, ki pè pou lavi li, kontinye ap viv nan laperèz, pandan otorite yo lanse apèl pou plis ranfò nan dispozitif sekirite yo nan zòn nan.
Nouvo epizòd vyolans sa a vin mete plis ensètitid sou estabilite komin nan, ki deja soufwi anba laterè gang ak feblès prezans leta.
Sitiyasyon sila a vini nan moman gen yon nouvo kòdonaté nan tét KPT ki pa sispann denonse zak kriminél gang yo ap fè sou popilasyon an.
Optimiste.Info