Pandan preparasyon yo ap kontinye pou Koup Mondyal FIFA 2026 la, yon lòt enkyetid ap pran plas sou kontinan Amerik la: pwopagasyon lawoujòl. Nan yon avi ki soti 23 avril 2026, Òganizasyon Panamerikèn Sante fè konnen kantite ka maladi sa a ap ogmante rapidman nan plizyè peyi, tankou Meksik, Etazini ak Kanada.
Optimiser. Info, le 25 Avril 2026. Selon done yo, plis pase 14,700 ka te anrejistre pandan ane ki sot pase a nan 13 peyi, yon chif ki montre yon ogmantasyon enpòtan konpare ak ane anvan yo. Depi kòmansman 2026 la, kantite ka yo deja depase 15,300, sitou nan Meksik, Gwatemala, Etazini ak Kanada.
Lawoujòl se yon maladi ki gaye trè fasil atravè lè a. Li ka lakòz sentòm tankou lafyèv, tous, pwoblèm pou respire ak gratèl sou po. Nan kèk sitiyasyon grav, li ka mennen nan nemoni, anflamasyon nan sèvo, andikap pèmanan, oswa menm lanmò.
Daprè espesyalis yo, youn nan rezon prensipal ki eksplike retou maladi a se diminisyon nan kouvèti vaksinal la. Gen anpil moun ki swa pa pran vaksen yo, swa ki gen dout sou efikasite li. Se poutèt sa pwofesyonèl lasante yo ankouraje tout moun, espesyalman moun ki gen plan pou vwayaje pou Mondyal la, pou verifye estati vaksen yo epi pran mezi nesesè alavans.
Yo raple tou viris lawoujòl la ka rete nan lè a pandan jiska de zèdtan apre yon moun enfekte kite yon espas fèmen. Sitiyasyon sa a fè kote ki gen anpil foul moun — tankou estad, transpò piblik ak lòt espas rasanbleman — vin reprezante gwo risk pandan konpetisyon an.
Otorizasyon sante nan peyi ki pral òganize Koup Mondyal FIFA 2026 la fè konnen yo deja ap kolabore ak responsab espòtif yo pou mete an plas mezi prevansyon. Objektif la se pwoteje ni popilasyon lokal yo ni dè milyon vizitè etranje ki espere patisipe nan gran randevou foutbòl mondyal sa a.
La Rédaction