Okap, 28 Jiyè 2025 Yon jèn gason pèdi lavi li dimanch aprè-midi 27 jiyè a pandan l ap patisipe nan yon match chanpyona vakans nan vil Okap. Selon temwayaj, viktim nan te tonbe sou teren an pandan l ap jwe, epi li te imedyatman transpòte lopital, kote li te rann dènye souf li.

Sa a se yon lòt trajedi ki frape kominote espòtif la, kote jèn yo rasanble pandan sezon vakans lan pou mete aksan sou talan yo ak pasyon pou foutbòl. Jiskaprezan, non viktim nan poko ofisyèlman konfimel, men nouvèl la gaye rapidman sou rezo sosyal ak nan vil la.

Anpil moun mande pou gen plis siveyans medikal pandan aktivite espòtif yo pou evite lòt ka konsa. Responsab lokal yo poko fè okenn deklarasyon sou sa ki ka koz lanmò sa, men gen apèl pou otopsi ak ankèt konplè pou bay limyè sou sikonstans lan.

Kominote a, fanmi ak zanmi viktim nan deja plonje nan dlo je, pandan peyi a kontinye ap fè fas ak pèt jèn potansyèl ki t ap bay espwa pou demen.

David François
Optimiste.info

Spread the love