Pòtoprens, 7 dawou 2025. Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), Rameau NORMIL, te resevwa, mèkredi 7 dawou, Carlos Ruiz Massieu, nouvo Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an epi chèf BINUH, nan kad yon rankont estratejik sou kesyon sekirite nasyonal.

Rankont la, ki te fèt nan lokal DGPNH nan Clercine nan zòn Taba, rive nan yon moman kote kriz sekirite a ap vin pi grav, sitou ak ogmantasyon vyolans ame nan kapital la ak lòt zòn nan pwovens peyi a.

Nan sant diskisyon yo te mete aksan sou : lit kont bandi yo, ranfòsman koperasyon ant PNH ak Biwo Entegre Nasyonzini an ann Ayiti (BINUH), ansanm ak efò ki deja ap fèt pou estabilize peyi a, an kolaborasyon ak Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite (MMSS) ki deja deplwaye sou tèritwa a.

Rameau NORMIL te reafime detèminasyon PNH la pou. kontinye misyon li ki se retabli lòd piblik la, malgre gwo defi ak menas lapolis la ap fè fas chak jou.

Vizit sa a se premye vizit ofisyèl Carlos Ruiz Massieu depi li nonmen kòm chèf BINUH. Li make yon nouvo etap nan ranfòsman patenarya sekirite ant Ayiti ak Nasyonzini.

Optimiste.Info

Spread the love