Pòtoprens, 6 dawou 2025. Direktè Jeneral pwovizwa Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), Mesye Rameau NORMIL, te remèt ofisyèlman, mèkredi 6 dawou 2025, ensiy grad Enspektè Jeneral bay Mesye Isaac Max Harry ak Rony Bazil Antoine, ki fèk monte nan ran sa a andedan enstitisyon an.

Enspektè Jeneral Isaac Max Harry se responsab sant Kòmandman, Kontwòl, Kominikasyon ak Entèlijans (C3i) PNH lan. Pandan se tan, Enspektè Jeneral Rony Bazil Antoine ap dirije Direksyon Lojistik PNH lan, yon estrikti teknik ki depann de Direksyon Santral Polis Administratif la (DCPA).

Seremoni sa a make yon lòt pa nan ranfòsman kad nan PNH la, pandan enstitisyon an kontinye fè fas ak gwo defi sekirite nan tout peyi a.

Optimiste.Info

Spread the love