Chantè Ayisyano-Kanadyen an, Luck Mervil, ki te vin popilè atravè wòl li nan mizikal « Notre-Dame de Paris », twouve nan mitan yon dosye lajistis. Yon tribinal Kanadyen jwenn li koupab pou zak agresyon seksyèl ki te fèt nan nuit 23 pou rive 24 jen 2000, apre li te fin jwe nan yon konsè nan fèt Sen Jan Batist nan pak Beauséjour, pandan li te nan pik karyè li.
Daprè sa Radio-Canada rapòte, Mervil te rankontre viktim nan nan yon ba-resto nan lari Saint-Germain, epi li te mennen li nan yon otèl nan Rimouski, kote agresyon an ta fèt. Jij James Rondeau rejte defans atis la, ki te di se te yon erè sou idantite, epi li konsidere temwayaj Mervil kòm kontradiktwa ak pa serye.
Tribinal la mete aksan sou chanjman souvan nan deklarasyon Mervil yo, li estime atis la t ap chèche simaye dout olye l di laverite.
Sa pa premye fwa Mervil mele nan yon dosye lajistis. An 2018, li te deja kondane pou ekplwatasyon seksyèl sou yon ka ki te remonte depi 1996. Li te resevwa yon santans 6 mwa prizon lakay epi li te antre nan lis moun ki gen dosye agresyon seksyèl pou yon peryòd 20 lane.
Optimiste.Info