Pòtoprems,9 dawou 2025. Yon grav aksidan sikilasyon te frape kapital la apremidi samdi 9 dawou a sou wout Kanapevè, bò kote 4è 30. Daprè sa temwen sou plas yo rapòte, yon kamyon pèdi fren li epi frape yon minibis transpò piblik, sa ki lakoz omwen 6 moun pèdi lavi yo sou plas, epi plis pase 9 lòt blese, kèk ladan yo nan yon eta grav.

Viktim yo te prese transpòte nan plizyè sant lopital pou yo ka jwenn swen ijans. Medsen fè konnen plizyè ladan yo toujou nan danje akoz blese ki grav anpil.

Pou kounye a, pa gen enfòmasyon ofisyèl sou kòz egzak aksidan an, men gen plizyè vwa sou teren an ki panse se fren kamyon an ki te lage.

Aksidan sikilasyon yo vin pi souvan nan kapital la ak zòn ki bò kote l yo. Anpil chofè oblije itilize ti wout ki toujou fonksyonèl, paske gran aks yo anndan vil la sou kontwòl gang ame. Sitiyasyon sa lakoz trafik vin pi danjere epi ogmante risk pou gen kolizyon.

Otorite yo poko bay okenn detay sou yon ankèt oswa mezi yo pral pran apre trajedi sa.

Optimiste.Info

Spread the love