Pòtoprens, 11 out 2025. Kèk jou sèlman apre li fin pran tèt Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), nouvo Direktè Jeneral la, Jonas Vladimir Paraison, te rankontre, jodi lendi 11 out lan ak plizyè wo kad Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS). Reyinyon travay sa a te fèt an prezans manm wo kòmandman PNH la, nan yon moman kote sitiyasyon sekirite a toujou grav anpil.
N ap raple, Paraison te nonmen epi enstale ofisyèlman nan tèt enstitisyon an depi 8 out. Li antre nan fonksyon li pandan peyi a ap travèse youn nan pi gwo kriz sekirite li janm konnen, avèk plis pase yon milyon moun ki deplase akoz vyolans ame yo.
Objektif prensipal reyinyon an se te pou ranfòse kowòdinasyon ant PNH ak fòs entènasyonal la ki deja sou teren an depi plis pase yon ane. Men, selon anpil obsèvatè, prezans MMSS poko bay rezilta konkrè nan batay kont ensekirite a.
Diskisyon yo te chita sou priyorite ijan yo, tankou: reprann kontwòl sou kèk zòn estratejik, mete plis sekirite sou wout ki konekte kapital la ak lòt rejyon yo, epi ranje estrikti operasyonèl fòs yo.
Daprè sous nou, DG Paraison deja kòmanse travay sou yon nouvo plan estratejik sekirite, ki pral defini liy aksyon priyoritè pou semèn k ap vini yo. Objektif: reponn ak ijans lan, epi retabli otorite Leta nan zòn kote gang pran kontwòl.
Sa make premye aparisyon piblik Jonas Vladimir Paraison kòm Chèf PNH bò kote MMSS, yon siyal ki montre volonte pou mete plis presyon sou zafè sekirite peyi a.
Optimiste.Info